4 nan prezime asasen Jovenel Moïse yo mouri ,2 anba kòd daprè Leon Charles

Nan kad yon pwend près nan rezidans ofisyèl premye minis yo, aswè mèkredi 7 jiyè 2021 an, DG ai PNH la, anonse lapolis ak lame peyi Dayiti ansèkle tout mèsenè ki patisipe nan asasinen prezidan defakto, Jovenel Moïse lakay li nan lannwit madi pou louvri jounen mèkredi a.

San li pa bay detay sou idantite , sèks ak nasyonalite prezime asasen yo, Léon Charles fè konnen gen 4 ki mouri,2 anba kòd , epi yo libere 3 polisye yo te pran an otaj. Nan moman nap pale la a (li te 8h nan aswè) , lapolis la ap trake asasen yo selon DG ai PNH la. Léon Charles fè konnen Fòs lòd yo mobilize pou mete lòd nan vil la. Se depi yè swa yap batay avèk mèsene yo selon responsab la.

Nap raple prezidan Jovenel Moïse tonbe anba bal lakay li , nan Pèlerin 5 ,nan lannwit madi 6 pou louvri jounen mekrèdi 7 jiyè 2021 an . Selon jij de pè ki te al fè konsta , Carl Henry Destin , Jovenel Moïse resevwa 12 katouch. Li blese nan tèt, nan je ak nan zorèy toujou selon jij de pè Destin ki ta pral bay lòd pou te al depoze kadav prezidan an nan mòg aprè konsta legal yo.

Bouton retour en haut de la page