Entèvansyon militè an Ayiti : Sa trèt jodi yo pap di


 Se yo menm, nan alyansay ak gang, ki mennen peyi a, yon fwa ankò nan okipasyon !
 
Sa trèt yo pap di : yo pèdi kontwòl pwòp gang yo menm ankò te fabrike pou teworize pèp ayisyen an !
 
Yon lòt pa, sa yo pap di :  se yo menm ki vin jwi privilèj pouvwa san montre ankenn kapasite pou ranpli egzijans pouvwa. Yo pa janm rive montre kapasite pou mete lòd nan peyi a. Se pa sèlman sa : yo pa vle mete lòd nan peyi a akòz alyansay yo ak mafya epi tout rezo kriminèl yo.

 
Plizyè okipasyon peyi a sibi deja pat janm konsekans aksyon ni volonte patriyòt konsekan. Se toujou deriv, briganday ak mank responsablite moun ki sou pouvwa ak sila k ap sipòte yo, ki abouti nan sa.
 
Nan lane 1915, ameriken te pwofite briganday gouvèlman Vilbrun Guillaume Sam lan te pwovoke pou l te anvayi peyi a epi okipe l pandan 19 lane. Masak prizonye politik yo nan Penitansye nasyonal. Charles Oscar Etienne. Nou sonje ? Se te pen beni pou Amiral Caperton ki te deja alawonyay nan Nò peyi a, nan kad politik Monroe a, l’Amérique aux américains.
 
Debakman 1994 la, se rezilta briganday lame ak yon bon pati nan elit la ki te fè kou deta tèt chaje 1991 lan. Menm jan ak plizyè fwa, pou l te vini, blan an te mande otorite konstitisyonèl yo lese pase. Nou kwè, kesyon pou konnen  èske yo te dwe asepte fè sa rete yon kesyon fondamantal. Menm nan sitiyasyon ki pi difisil ki ka genyen, patriyòt konsekan pap mande, pa dwe mande, etranje debake nan peyi l. Pito peyi a disparèt. Se sa ki fè, ou pa t ap janm ni tande ni wè patriyòt sa yo ap aplodi okipasyon.
 
Li rete kanmenm pou nou rekonèt, an 1994, blan an li menm te vin defèt sa l te fè, nan vin remete otorite konstitisyonèl yo nan plas yo. Se blan an ki te dèyè masak riyèl Vaillant 1987, tout enfòmasyon yo montre se li ki te patwone kou deta 1991 lan e ki te lage FRAPH nan dengonn nou. An 1994, akòz nouvèl òd politik li te vin vle tabli an Amerik Latin kont kou deta, je wont je, li te mennen Aristid tounen. Men, listwa pral montre nou li pat renonse kontinye pou otan kontwole Ayiti. Dayè, li mennen tounen yon Aristid mare kou krab ak yon seri angajman malodoran ak enstitisyon finans entènasyonal yo.
 
Evenman 2004 yo ki pral mennen nan yon nouvo okipasyon anba labanyè Nasyon Zini fwa sa a, se ankò rezilta deriv otoritè ak diktatoryal leta ak elit yo. Anvan sa, se « marines US » ki te debake swadizan pou vin pwoteje resòtisan yo. Men, malerezman, se otorite peyi a menm, se pat patriyòt konsekan, ki te rele yo vini vit, pi bonè yo te vini, pi bon li t ap bon. Nou sonje ?
 
Ankò yon fwa, ou pat tande vwa patriyòt konsekan kap mande blan vini, ni tou ki t ap rejwi lè yo te vini. Nou ensiste sou sa pou denonse trèt jodi yo k ap eseye kontrekare agiman patriyòt konsekan ki kont, ki toujou kont okipasyon peyi a.  
 
Sa trèt jodi yo pap di, yo fè alyans ak dyab ki mete peyi a nan sa li ye jodi a. Yo te di yo non. Yo te di yo rete bò kote pèp la pou goumen kont nouvo sistèm FRAPH la. Yo pa fè sa.
 
Lòt manti y ap ban nou, se fè konprann blan an ap vini pou rezoud nèt al kole ensekirite li menm ankò kontribye tabli nan peyi a. Nou gen egzanp FRAPH la. An wetan Toto Constant ki te pi vizib, kote lòt manm FRAPH yo ? Kote zam yo ?
 
Y ap pale de lame dayiti ki te kraze. Men se ankò zèv antipatriyòt ki te sou pouvwa a ak blan an li menm. Ki antipatriyòt ki te ka pou kont pa l kraze lame blan li menm te konstwi, si blan an pat vle ? Nou sonje kiyès ki te sezi achiv lame a ?
 
Kounye a ann pale ankò pi klè : menm si, yon moman done, gen ayisyen bòn volonte oswa enkonsyan ki te ka kwè etranje te ka vin sove Ayiti, egzanp 14 lane okipasyon MINUSTHA a, dwe fè yo vire kazak nèt sou kesyon sa a. Yon ayisyen ki ta vle konsekan pa ka retounen nan eksperyans pase pou vin jaze sou moun ki, jounen jodi a, kont zafè prezans etranje sou teritwa nasyonal la.
Se sou MINUSTHA a tout fo eleksyon fèt !
Se sou MINUSTHA a fenomèn gang pouvwa 2004 la te derape a vin fleri pi rèd !
Se sou MINUSTHA a tout enstitisyon enpòtan peyi a kraze !
Se sou MINUSTHA a kolera debake epi lakòz plis pase 9 mil ayisyen mouri epi plis pase 200 mil lòt enfekte.
Se sou MINUSTHA a anpil ti fi, fanm, gason e menm kabrit sibi move zak kadejak !
Kolera ki reparèt jodi a, kiyès ki parenn li ? LONI te janm vle dedomaje viktim ak paran viktim kolera yo ?
 
Kidonk, jodi a, menm si yon moun, ki pat patriyòt konsekan, te anfavè ayè pou etranje vini, jodi a, sou ki baz l ap ka vin defann sa ? Etranje a gen yon bilan, yon bilan tris an Ayiti. Aksyon Kò Gwoup la pa demanti sa.
 
Sètènman gen bagay yo ka pral fè ki ka penmèt popilasyon an rale yon souf. Yo pa sòt. Fòk yo jisitfye debakman e menm fè sèten moun rele viv. Se pou sa yo koupe souf nou dri konsa ak kriz malouk sa a. E, nou konprann sa, popilasyon an bezwen rale yon souf. Men, èske se yon rezon pou nou rele viv ? Ki sa yo pare pou fè, tout bon vre fwa sa a, pou pèmèt Ayiti chanje tout bon vre, pou li vin yon lòt peyi. Te kwè tout otan se pa ayisyen konsekan ki vle sa, sa pap janm fèt ?
 
Sèten awousa k ap fè gwo gòj deyò a pa janm tande pale de «business humanitaire”? Yo pa konnen se 9 milya dola MINUSTHA te koute ? Lajan sa a pat ka devlope Ayiti ? Misyon entènasyonal yo se pou devlope peyi a ? Se pa afè yo y ap regle ? Al mande kongolè yo, nan RDC, sa yo wè misyon LONI ki tabli lakay yo a depi dig dantan, ap regle.
 
Sa trèt yo pap di : Nasyon zini (Manzè Lalime), Etazini (Manzè Sison), Kò Gwoup y ap prezante kounye a kòm liberatè, fè sa yo konnen pou mennen peyi a kote li ye jounen jodi a. Yo voye jete tout solisyon pasifik pou soti nan kriz la. Yo pa ankouraje ankenn vrè dyalòg ant ayisyen. Yo fè kòm si yo pa okouran Ariel fè kou l konnen pou l pa janm jwenn yon solisyon ak ayisyen parèy li.
Se yon kriz imanitè pwograme ak pwòp bandi pa yo yo tolere epi fè jwenn zam ak minisyon. Se pa jodi a y ap apiye vakabon ak diktatè nan peyi a. Gade jan yo t ap kore Martelly ak Jovenel. Jan tou yo kore Ariel ki ilegal. Yo deside pou kont pa yo y ap bay peyi a yon lòt Konstitisyon. Yo deside pou kont pa yo otorite defakto yo se yo ki gen lejitimite pou dirije peyi a ak pou fè eleksyon. Se yo ki deside sa pou kont pa yo.
 
Sa trèt yo pap di : yo bezwen blan an la, e blan an byen konnen se pou sa l ap vini, pou kore pouvwa yo e pèmèt yo fè eleksyon magouy, yo menm ak blan an vle a.
Prezans blan an ap garanti tou pèp la pa ka souke yo sou pouvwa a jan l ap fè a, pou krim ak dechèpiyay y ap fè. Se pou konpwomèt mouvman popilè a menm yo fè bandi yo antre nan won. Gen kèk moun, malerezman, ki pa konprann sa e ki ouvè le kò bay bandi oswa k ap komèt yo menm zak bandi.
 
Li kanmenm nesesè pou n di, chak fwa blan gen pou l debake nan peyi a, se nan moman kapasite elit nou yo pou yo fè inite ak konpwomi, pi fèb. Mank vizyon, rivalite politik, vye anbisyon mesken, toujou mennen mas pèp la nan erans ak nan dezespwa.
Menm lè ta gen vizyon, pa gen lidèchip. Sa vle di, pa janm gen yon bon makònay ant lide elit politik yo ak mas pèp la ki ta ka fè yo mache ansanm pou ranpòte la viktwa.
Gen yon gwo refleksyon ki dwe fèt jodi a bò kote sektè vrèman demokratik ak pwogresis la, pou l fè otokritik li epi pou l tire leson de erè li pou kontinye batay la.
 
Kounye a, batay ideyolojik ki angaje a, dapre sa nou konstate, se wete dwa lapawòl sèten patriyòt konsekan. Se fè konprann yo te pou blan ayè. E kòm kwa yo kont blan jodi. Objektif la se fè yo pèdi kredibilite yo. Epi, fè pèp yo menm ankò ap fè soufri a, mache dèyè yo tèt bese, kòm kwa pwoblèm yo resi pral rezoud.
 
Anfen, ak mòd moun sa yo, kalvè peyi dayiti pa pre pou l fini.
 
Marvel Dandin, 10 oktòb 2022.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bouton retour en haut de la page