Kowonaviris : Dokpaw ap ofri 2000 konsiltasyon a distans pa jou pou kapab ede limite pwopagasyon kowonaviris an Ayiti

“Nan moman kote otorite yo ap mande popilasyon an rete lakay li, Telemedsin se youn nan solisyon ki kapab limite viris Covid-19 la pwopaje nan peyi a.” Se deklarasyon Doktè Charles Patrick Almazor ki mete tèt li ansanm ak yon enjenyè enfòmatik nan Tekzas ozetazini pou kreye sit www.dokpaw.com. Platfòm sa kreye pou pèmèt plis Ayisyen gen aksè ak laswenyay epi ede limite propagasyon viris Covid-19 la nan peyi d Ayiti. Daprè sa espesyalis nan epidemyoloji ak sante entènasyonal la, Doktè Almazor, fè konnen. Nan yon entèvyou li bay Haiti infos Pro, l ap pale plis de pwojè Dokpaw la.

Haïti Infos Pro : Bonjou Doktè èske ou ka prezante w bay lektè Haiti Infos Pro yo ?

Dr Charles Patrick Almazor : Mwen gen prèske 20 lane eksperyans nan medsin nan nivo nasyonal kou entènasyonal. Mwen gen yon metriz nan sante piblik ki oryante nan epidemyoloji ak sante entènasyonal. Mwen se Direktè lopital Sage Citymed nan Dèlma 19. Mwen se pwofesè nan Fakilte Syans zimèn. Mwen se yon konsiltan entènasyonal ak yon metriz nan sante piblik konsantrasyon epidemyoloji ak sante entènasyonal epi mwen gen yon sètifika nan ekonomi lasante.

HIP : Pouki ou pwopoze konsiltasyon a distans nan batay kont kowonavirus la doktè ?

Dr Charles Patrick Almazor : Telemedsin se solisyon tout gwo peyi adopte jodi a pou ede gouvènman yo ak Covid 19 la tankou : Angletè, Etazini, Kanada ak lòt peyi. Li vin ede gouvènman an ranfòse demand li fè popilasyon yo pou yo ka rete lakay yo. Men pandan yo ret lakay yo, yo pa abandone yo.

Kidonk, sa ap ede gouvènman bay plis moun laswenyay epi fè plis prevansyon paske moun ki gen kowona yo p ap plede ap mache nan lari chache swen sitou pa gen ase anbilans.

Epi doktè ak mis yo pè. Menmsi anpil ret lakay yo, doktè yo ap ede yo plis , sa ap redwi laperèz ki lakay fanmi doktè yo.

Anplis, telemedsin nan ap koute w li pi ba pase sa konsiltasyon nòmal la koute w. Lè w fè rapò kou efikasite l ap ede plis moun.

HIP : Kidonk se pou sa ou vini ak sit www.dokpaw.com nan? Prezante nou andetay platfòm sa ? E ki kout men li vle pote nan batay kont Kowonaviris la ?

Dr Charles Patrick Almazor: bon, nou se 2 moun ki kreye li. Mwen se doktè ki Ayiti a epi lòt fondatè a Tekzas, li se enjenyè enfòmatik. Epi objektif nou tou de se ogmante aksè a swen sante pou tout Ayisyen. Paske jodi a gen 40% moun ki pa genyen aksè ak laswenyay.

Dokpaw ak anpil doktè volontè ap ofri 2 000 konsiltasyon a distans chak jou. Platfòm nan gen 200 doktè, enfimyè ak espsikològ ladan l. E de premye konsiltasyon yo ap gratis pou tout moun. Se yon platfòm san diskriminasyon epi li kreye mwayen pou dyaspora kontinye ede zanmi l ak fanmi l dirèkteman paske yo ka peye pou yo.

HIP : Apre sa se konbyen moun nan, ap peye pou konsiltasyon yo ?

Dr Patrick Almazor: Sa ap depann de doktè li chwazi a. Konsiltasyon an kapab varye ant 250 goud a 500 goud.

HIP : Kouman moun sa ap kapab peye frè sa? Epi èske asirans kouvri frè telemedsin nan?

Dr Patrick Almazor: Bon anpil moun ap kapab peye swa pa Mon Cash oubyen kat kredi ousinon,li kapab peye dirèkteman nan kyòs kote y ap jwenn dokpaw.

Pou dezyème kesyon an, asirans nan peyi d Ayiti kouvri sèlman 4% popilasyon an, epi yo pa peye regilyèman. Kidonk, nou poko ap pran asirans

HIP : E si ka moun nan merite li fè yon konsiltasyon fizik ?

Dr Patrick Almazor: Depi Doktè wè sa l ap ka refere moun nan kote ki ka pran l an chaj. Nou gen kouvèti nasyonal. Sa vle di nou nan tout 10 depatman peyi a.

HIP: Depi ki lè platfóm dokpaw la egziste an Ayiti?

Dr Patrick Almazor: Platfòm nan te gen pou l soti ofisyèlman 4 avril ak pwomosyon depi 3 mas, men pandemi kowonaviris la, nou fè yon lòt chwa. Olye li soti kòm yon biznis li soti pou l ede moun nan kovid-19 la avèk yon pakèt doktè volontè.

HIP: Doktè Almazor ki konsèy ou pou popilasyon Ayisyèn nan nan moman sa ?

Dr Patrick Almazor: Nou mande popilasyon an rete lakay li epi nou p ap abandone l, epi swiv tout konsèy otorite yo paske maladi sa pa yon jwèt.

HIP: Mèsi anpil Dotè dèske ou reponn kesyon nou.

Dr Patrick Almazor: Se mwen ki pou remèsye nou.Mwen rete kwè goumen pou tout moun jwenn swen an pa zafè doktè sèlman men se pou tout sosyete a enplike sitou moun ki la pou enfòme lòt yo. Bon kouraj e bon travay !

Se Marie Ludie Monfort Paul ki reyalize entèviou a.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bouton retour en haut de la page