Pòtrè : Benita machann pate, yon fi, yon modèl reyisit


Marie Velida Michel tout kliyan yo konnen kòm Benita, fèt 28 desanm 1948 nan komin Bonbon, depatman Grandans, pi ba larivyè Dezòmo, nan yon ti lokalite ki rele Janwou.

Depi ou abite oubyen te abite sou Bèlè, oubyen ou te lekòl nan lise Petyon ak nan zòn nan, w ap konn Benita. Depi ou pase nan Ri Montalè dèyè do Lise a, w ap wè Benita.

Menm jan ak anpil jèn, Benita te gen 20 lane lè l te kite vil natal li an 1968. Lè li antre Pòtoprens, kontrèman a sa li te espere, bagay yo pa t fin twò bon. Aprè plizyè lane ap pran desepsyon, Benita te gen yon bon zanmi l ki te premye machann pate nan peyi a, daprè sa li rapòte , ki ta pral montre l komès pate a. Benita di li kòmanse nan komès pate a, a 50 goud.

Benita ap vann pate sou Bèlè (bò Lise Petyon an) depi nan mwa avril 1982, sa fè 38 lane. Se te peryòd diktati, sa vle di sitiyasyon an te konplike. Avèk anpil fyète nan vwa li ak nan vizaj li, Benita di nou: « Pou m byen di w, bagay politik yo pa t fasil ditou ditou, men nou te degaje nou , mwen pa t nan politik. Mwen te gen anpil kliyan makout. »

Manman 5 pitit , malerezman li te pèdi youn, yon jèn gason 29 lane ki te pran nan kouran an 2010, aprè katastwòf 12 janvye a. Li rete a 4 pitit. Benita di: « Aprè m te fin pèdi pitit la, mwen te konprann lavi m te fini, men Bondye te ban m fòs, mwen te rekòmanse viv men mwen rekonèt mwen p ap janm bliye pitit sa a ki te fenk fin fè filo. »

Malgre tout sa ki pase sou Bèlè, Benita toujou la.

Bèlè se yon katye popilè k ap fè fas ak anpil pwoblèm sosyal, ekonomik ak politik. Nan lane 2004, aprè depa Jean Bertrand Aristide 29 fevriye 2004, Bèlè ki fanatik lidè fanmi lavalas la, te kanpe kont sa yo rele yon koudeta kont Aristid. Yon gwoup nèg ta pral pran zam pou egzije retou Aristid nan peyi a aprè egzil li ann Afrik di Sid. Yo ta pral rele mouvman sa a Operasyon Bagdad. Zam t ap chante maten midi swa, kidnaping te konn fèt nan katye popilè sa a. Pandan tout deblozay sa yo, Benita te toujou chita bò lise Petyon an ap vann pate.

Benita di:  » Polisye yo konn fè m antre anndan lise a pou m pa viktim, prekosyon pa kapon. Gen de jou bagay yo difisil mwen pa vini, men mwen te toujou la. »

Benita esprime satisfaksyon l anpil pou tan li pase nan komès la. Se pou sa li di li pa konnen ki lè l ap kite vann pate a. Benita se modèl fi ayisyèn ki pran kouraj li pou l chache lavi nan yon peyi difisil tankou Ayiti.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bouton retour en haut de la page